Weleuleu

Wendyyy

Yeah nigga
Magic Touch

Di nèg yo chat la retounen
Atansyon danje si w mal kanpe ekate (weleuleu)
Men king nou an Jesus
Delivrans lan rive fanatik yo epate (weleuleu)
Rantre nou gen karant eka
M pot flow pou karant eta
E traka kap pase e kata m ap trase
Tout beat m fè karateka (weleuleu)
Yo vle chat san yo poko rat
M antre tou granmoun nan koko rat
E l difisil pou rap mwen fini
Menm jan l difisil pou w kite kokorat (weleuleu)
Sa se rap sal rap atkò
Rap du rap dan rap pou w woule pou gang
Se pa rap telele rap gason kap tranble
Se pa rap woule boul grenn

Ok rapid yo banm minisyon m lage yon mini bonb
M pa chache yon bann mini moi
Devan m yo se mini-homme
Yo konnen w pa mini-jip
M manje yo kon mini bonm
Yo mennen m nan limit e poutan m o minimum

Ou te panse m pap tounen (welele)
Ou te panse m fini (welele)
Ou tap priye pou m tonbe (welele)
Ou te panse m pa gen hit (welele)
Ou te panse w te pi fò (welele)
Ou te vle rap mwen fini (welele)
Ou konn wè chyen tounen a lyon (welele)
Tout tan king nan an vi pa gen sa ti mal

M tou parèt tou manche tou ame yo tou pè
M tou prè pou m toufonfen toupizi
Tou touye tout MC e tou kite yo toutouni
E tout otan m toujou la
Y ap toujou toufe se pa tout pou m ba w (welele)
E beat la tou fèt m tou pran l m tou ekri
E touswit m tou rekòd m tou pase pran tout piti
M tou mixe l m tou lage l tou hit nan tou bouda w
Ou vle stope m ou pran ta l'homme
Nou pa menm nivo piti pran talon m
Cheri m pa ka ofri w lanmou
Men m pwomèt m gen on 30 santimèt nan pantalon m
Kanpe anfas mwen se on pinisyon e karyèm pa gen finisyon
Pran tout twofe ane a anpile yo annik make non m sou yo epi finisyon
So lò w rive la fò w bese tèt ou koz ou ka tout sa w vle
Men pa pou wa ti mal ou te fè rap mwen fini wè m tonbe
Sorry si m desevwa a ou ti mal

Ou te panse m pap tounen (welele)
Ou te panse m fini (welele)
Ou tap priye pou m tonbe (welele)
Ou te panse m pa gen hit (welele)
Ou te panse w te pi fò (welele)
Ou te vle rap mwen fini (welele)
Ou konn wè chyen tounen a lyon (welele)
Tout tan king nan an vi pa gen sa...
Pa gen sa ti mal

Welele
Welele


All lyrics are property and copyright of their owners. All lyrics provided for educational purposes only.