Map Diw Sa (feat. D-Singer)

Vanessa Désiré

M pa nan voye wòch kache men ankò
Ni pou m wè m k ap kale kòk pou po
Nan pè di sa m santi yo pa wè m
Paske se nan desten mwen te kwè (te kwè)

Kè n sote chat pran lang nou
Poutan n vle bay lòt lanmou (bay lòt lanmou)
Bonè nou tonbe pou prèv, tandeee

Depi m renmen w m ap di w sa
(M ap di w sa, m ap di w sa)
Depi m damou w m ap di w sa
(M ap di w sa, m ap di w sa)
M pap kite lanmou fè gòl sou mwen (sou mwen)
Lanmou met pye sou mwen (sou mwen)
Depi m renmen w m ap di w sa
(M ap di w sa, m ap di w sa)

Gad sak rive m
M pè livre w
Tout sak sou kè m
Nan pè pale
Pou w pa jije m mal
Kè n sote chat pran lang nou
Poutan n vle bay lòt lanmou
Bonè nou tonbe pou prèv, tandeeee

Depi m renmen w m ap di w sa
M ap di w sa, m ap di w sa
Depi m damou w m ap di w sa
M ap di w sa, m ap di w sa
M pap kite lanmou fè gòl sou mwen (sou mwen)
Lanmou met pye sou mwen (sou mwen)
Depi m renmen w m ap di w sa, w m ap di w sa
Ma

D-Singer èske w renmen m?
I love you, baby

Kè m ak kè w, gentan prè
Koneksyon an gentan fèt
Pa rete anpil
(Kite bouch nou pale)
(Kite bouch nou pale)

Kè m ak kè w, gentan prè
Koneksyon an gentan fèt
Pa rete anpil
(Kite bouch nou pale)
(Kite bouch nou pale)

Kè m ak kè w, gentan prè
Koneksyon an gentan fèt
Pa rete anpil
(Kite bouch nou pale)
(Kite bouch nou pale)

Kè m ak kè w, gentan prè
Koneksyon an gentan fèt
Pa rete anpil

Tracker

All lyrics are property and copyright of their owners. All lyrics provided for educational purposes only.