R.E.D (feat. Barikad Crew BC, Izolan Bc, Bricks BC, Brital & Fred Hype)

Fantom

Hey! Reveye w, li pwal fè jou
Revolisyon an deja anklanche
Èske w pare ? Ki pozisyon w?
Èske w R.E.D

Pa gen moun ki pafè
Pa gen moun ki pa fè
Èske lè w fon peche ou rekonèt li a klè?
Èske w site non Bondye sèlman lè w nan malè?
Èske vi w son destine ou byen ou fè l pa erè?
Èske w R.E.D
Pa gen moun ki pafè
Pa gen moun ki pa fè
Eske w pa wè lajan sèvi plis move zafè?
Èske latè vrèman se pa paradi lanfè?
Èske avan w ale de vi w ou ka di ou fyè?

Kilè w ap klè ak tèt ou
Li lè pou w fè lapè ak tèt ou
Pou nou renmen, frè ak sè nou
Fyè de tèt nou
Fyè paske nou se nwa kanpe vanyan di ou pap viv konsa

Sa w dwe konnen fòk ou reyèl
Pou simonte kalamite yo fò w lite ak fyèl
Si nou tout gen menm ide nou ka fè demen bèl
Mete w R.E.D R.E.D Ayisyen nou ka fè l

Nou se pitit lamizè pouki n paka milyonè
Problèm pap janm ka fè nou pè
Nou konn sak rele lanfè
Menm lè lavi a difisil
Nou kenbe tèt nou nou rete real
Still (BC all day)

Revolisyon mantal la fòn aplike l
Depi nou la fò k gen chanjman

Nan wout la, Mpoko fè yon ka
Petèt ke se pa mwen k ap fini lit la
Men m ap bat pou m byen jwe patisyon m nan
E lè lavi m va bout, kò a ap resi repoze anpè
Paske m kwè, nou gran nou gen kran pou n goumen jiskobou R.E.D

Kont tout atant
Ayisyen nou fèl pou ou pou listwa
Pou ras nwa ka gen viktwa

Nou se barikad pou tout tan


All lyrics are property and copyright of their owners. All lyrics provided for educational purposes only.