Koda

Beethova Obas

Lè m’bay koudeta, m’pran pouvwa’m, nèg fò’w wè sa
Rakèt, lajan, tout sa m’vle
Ak fanmi’m m’al jwi lavi’m laba
Ki mele’m si ayïti fini
M’pa panse peyï
Mon jeneral
Kraze dada’m
Ale ale

Si w’santi w’anvi vòlè, pa rete
Vòlè lajan leta, pa rete
Fò’w pa pè travay si’w vle manje
Lajan leta pa lajan’w li ye tande
S’oun pòs serieu, pòs ki byen peye
Domaj zanmi kifè domaje
Pa met lavi lòt moun andanje
S’oun sévis ou rann lasosyete tande
Konesans ou pou sévi peyi’w
Konpetans ou pou util peyi’w
Lè konpetan di yo pa mele
Enkonpetan se sèl kòk chante tande
Ale

Si’w santi ke w’anvi enève
W’enève pou lapli k’ap tonbe
Se lapli’k pou fè jaden’w pouse
Fò’w pa mòde dwèt k’ap ba’w manje
Ale


All lyrics are property and copyright of their owners. All lyrics provided for educational purposes only.